La presentazione è in caricamento. Aspetta per favore

La presentazione è in caricamento. Aspetta per favore

Pawòl Lavi a Jiyè 2009.

Presentazioni simili


Presentazione sul tema: "Pawòl Lavi a Jiyè 2009."— Transcript della presentazione:

1 Pawòl Lavi a Jiyè 2009

2 « Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi » (Lk 12, 33).

3 Ou jèn ankò? Ou vle viv yon kalite lavi ki mache byen avèk lide w yo pou w bay pwòp tèt ou nèt ale? Koute Jezi Pèsòn pap janm egzijan tankou li menm Ou gen chans pou w temwen lafwa w, pou w bay prèv ou gen bon kè jous nan bout nèt.

4 Se granmoun ou ye? Ou vle yon lavi ki reskonsab, ki angaje men ki ansekirite?

5 Ou menm se vye granmoun ou ye epi w pa vle viv dènye lane w yo nan tèt chaje men mete tèt ou nan men yon moun ki pap ba w manti? Pawòl Jezi sa a li bon pou w tou.

6 Pawòl sa vini nan finisman yon koze kote Jezi di w pa bezwen chaje tèt ou avèk sa w-ap manje oubyen ak kisa w-ap abiye tankou boustabak yo ak lis yo ki pa simen epi ki pa fè twal.

7 Ou dwe debarase ak tout tèt chaje pou byen latè yo paske Papa a renmen w pi plis pase boustabak yo ak lis yo. Se li menm k-ap sonje sa. Se poutèt sa li di :

8 « Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi » (Lk 12, 33).

9 Levanjil la, kit se yon grenn pawòl kit se tout, mande moun yo pou yo bay tout sa yo ye epi tout sa yo genyen.

10 Bondye pat mande si tèlman anvan Kris la vini
Bondye pat mande si tèlman anvan Kris la vini. Ansyen Kontra a t-ap konswidere byen latè a epi tout richès la tankou benediksyon Bondye Si li t-ap mande fè moun ki nan bezwen an lacharite se te pou yo te kapab jwenn kichòy nan men Bondye ki konn fè tout bagay.

11 Pita nan mitan Jwif yo, moun yo te vin panse yo te kapab resevwa yon rekonpans nan lavi ki pap fini an. Yon wa te reponn yon moun ki t-ap blame l dèske li t-ap gaspiye byen li yo : « Zansèt mwen yo te ranmase trezò pou bò isit la, men mwen menm mwen te ranmase trezò pou lòt bò a ».

12 Sa ki espesyal nan pawòl Jezi sa a sèke li mande tout bagay nèt ale
Sa ki espesyal nan pawòl Jezi sa a sèke li mande tout bagay nèt ale. Li vle pou w tounen yon pitit ki pa gen tèt chaje pou sa k sou tè a : yon pitit ki chita sou li menm sèl.

13 Li konnen richès la se yon gwo baryè pou w, paske li chaje tèt ou alòske li vle pou se li menm sèl k-ap pran tout plas nan kè w Kanta pou rès la:

14 « Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi » (Lk 12, 33).

15 Si w pa kapab kite byen w yo paske w genyen lòt moun sou kont ou oubyen poutèt travay w ap fè a ou dwe detache kè w epi konsidere tèt ou kòm administratè byen sa yo sèlman.

16 Konsa etan w ap pran ka byen ou genyen yo, w ap renmen
lòt yo epi, etan w ap administre byen yo pou lòt yo, w ap pare yon trezò mit pap detwi ni volè yo pap jwenn.

17 Men èske w sèten ou bezwen kenbe yo tout
Men èske w sèten ou bezwen kenbe yo tout? Koute vwa Bondye anndan kè w, pran konsèy si w pa kapab deside sa k pou fèt.

18 Ou va wè tout sa w genyen san ou pa bezwen yo. Pa kenbe yo.
Bay, bay moun ki pa genyen. Mete an pratik pawòl Jezi a : « Vann… epi fè lacharite ». Konsa w ap fè bous ki pap vye pou w.

19 Li sèten pou w kapab viv sou tè a ou bezwen pran ka lajan ak byen latè yo.
Men sa Bondye vle se pou w pran ka yo san ou pa chaje tèt ou. Pran ka ti kras ou bezwen pou w viv dapre kondisyon pa w la. Kanta a sa k rete a :

20 « Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi » (Lk 12, 33).

21 Se sa w dwe fè w menm tou : pare malèt ou yo.
Pòl VI te pòv tout bon. Li te montre l nan fason li te vle pou yo antere l : yon sèkèy ki tou senp nan latè beni Ti kras anvan li mouri, li te di frè-l la : « Malèt mwen yo pare depi lontan pou gwo vwayaj sa a ». Se sa w dwe fè w menm tou : pare malèt ou yo.

22 Petèt nan tan Jezi, se sa yo te rele bous. Pare yo jou apre jou
Petèt nan tan Jezi, se sa yo te rele bous Pare yo jou apre jou Plen yo pi plis ou kapab ak tout sa ki kapab ede lòt yo Se sa w ap bay k’ap fè w vin rich. Sonje tout moun ki grangou sou tè a, k’ap soufri epi ki nan bezwen…

23 Mete nan bous yo tout ti jès renmen, tout sa w ap fè pou frè w yo.
Fè tout bagay sa yo pou Bondye. Di li nan fon kè w : se pou w. Fè yo pi byen ou kapab. Y ap prale nan syèl la pou tout tan gen tan.

24 “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.
« Vann sa nou posede, fè lacharite, fè bous ki pap vye pou nou, yon trezò ki pap manke nou nan syèl la kote volè pa pwoche, mit pa detwi » (Lk 12, 33). “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich, marzo Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)


Scaricare ppt "Pawòl Lavi a Jiyè 2009."

Presentazioni simili


Annunci Google