La presentazione è in caricamento. Aspetta per favore

La presentazione è in caricamento. Aspetta per favore

Pawòl Lavi a Fevriye 2009.

Presentazioni simili


Presentazione sul tema: "Pawòl Lavi a Fevriye 2009."— Transcript della presentazione:

1 Pawòl Lavi a Fevriye 2009

2 “Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l li pa kapab disip mwen” (Lk 14,26).

3 Kijan ou wè Pawòl sa yo ? Pawòl sa yo mande anpil, yo rèd pase sa w pat janm tande.

4 Poutan Jezi, ki di w pa gen dwa kraze maryaj la epi w dwe renmen tout moun, sitou paran w yo, se menm Jezi sa ki koulye a mande w pou w mete nan dezièm plas tout bèl kalite renmen ki sou tè a depi li kapab anpeche w renmen Bondye dirèk san pa gen anyen k ap bloke l. Se sèl Bondye ki te kapab mande yon bagay konsa.

5 Sèke Jezi vle rache moun yo nan fason yo konn viv la pou l mare yo avèk li an premye, dekwa pou l kapab fè yo tounen frè ak sè toupatou sou tè a.

6 Se poutèt sa tout kote li jwenn kichòy ki kapab yon baryè pou pwojè li a, li « koupe » epi nan levanjil la li pale de koulin, nan sans lespri a.

7 Epi li rele « mouri » moun ki pa t renmen l pi plis pase manman an, madanm nan, lavi a.

8 Eske w sonje moun sa a ki te mande Jezi pou l te kapab antere papa l anvan li swiv li ? Se li menm menm Jezi te reponn : « Kite moun mouri yo antere moun mouri yo » (Lk 9,60). Petèt devan yon egzijans konsa kè w te sote. Petèt ou te sonje kite pawòl sa yo pou moun ki t ap viv nan tan sa a oubyen pou moun ki vle swiv li yon fason ki espesyal.

9 W ap fè erè Pawòl sa a li bon pou tout tan yo, menm jodi a, epi li pou tout kretyen yo, pou w menm tou. Nan jounen jodi a, genyen anpil okasyon pou w mete an pratik envitasyon Jezi sa a.

10 Nan fanmi w, gen moun ki pa aksepte lafwa kretyen yo
Nan fanmi w, gen moun ki pa aksepte lafwa kretyen yo ? Jezi vle pou w temwen li ak lavi w epi, nan moman ki bon an, avèk pawòl ou, menm si yo kapab pase w nan rizib ou byen di movè bagay sou w.

11 Se manman w ye epi mari w ta vle pou w pa kite pitit la vini
Se manman w ye epi mari w ta vle pou w pa kite pitit la vini ? Obeyi Bondye pase moun yo.

12 Yon frè w vle angaje tèt ou nan yon konpayi ki pa twò klè, oubyen ki pa bon menm ? Lage l.

13 Gen moun nan fanmi w ki ofri w lajan ki pa twò pwòp ?
Rete onèt.

14 Tout fanmi w vle angaje tèt ou nan yon kalite lavi ki twò fasil
Tout fanmi w vle angaje tèt ou nan yon kalite lavi ki twò fasil ? Koupe, pou Kris la pa lage w.

15 “Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l li pa kapab disip mwen.”

16 Ou te fèt nan yon fanmi kote moun yo pa gen lafwa, epi lafwa w te pote divizion anndan fanmi a? Pa pè, se levanjil la ki mande w sa Ofri Bondye kè w ki chire pou moun ou renmen yo, men pa lage.

17 Kris la te rele w yon fason ki espesyal epi lè a rive pou w ba li tèt ou nèt ale nan lage papa ak manman w oubyen petèt nan kite fiyanse w. Se pou w chwazi Ou bezwen lite pou w kapab pote laviktwa.

18 “Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l li pa kapab disip mwen.”

19 Monsignor Romero, El Salvador Padre Pino Puglisi, Italia
Padre Ragheed, Irak “…menm pwòp tèt pa l” W ap viv yon kote ki gen pèsekisyon epi lavi w an danje dèske w pran pozisyon pou Kris la? Pran kouraj ! Gen lè lafwa nou kapab mande nou sa tou Tan mati yo li pa janm fini.

20 Chak nan nou, nan kèk moman lavi li, bezwen chwazi ant Kris la epi tout lòt bagay yo pou l rete kretyen tout bon vre. Kidonk sa va rive pou w menm tou.

21 Ou pa bezwen pè Ou pa bezwen pè pou lavi w : pito pou w pèdi li pou Bondye pase pou w pa jwenn li ankò Lòt Lavi a se yon bagay ki vre.

22 Ou pa bewen pè pou moun ou yo. Bondye renmen yo
Ou pa bewen pè pou moun ou yo. Bondye renmen yo Yon jou - si w konn ba li premye plas – li va pase bò kote yo epi li va rele yo ak pawòl renmen li an ki fò anpil Epi w va ede yo tounen vre patizan Jezi Kri menm jan avèk ou.

23 “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari.
“Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l li pa kapab disip mwen” (Lk 14,26). “Parola di Vita”, pubblicazione mensile del Movimento dei Focolari. Testo di: Chiara Lubich, ottobre Grafica di Anna Lollo in collaborazione con don Placido D’Omina (Sicilia - Italia)


Scaricare ppt "Pawòl Lavi a Fevriye 2009."

Presentazioni simili


Annunci Google